Oligak ak CPT ap volè kòb pèp la pirèd nan gaz: Malgré baril petròl la bésé a $65 dola pri galon gaz Ayiti pa desann. – Stantley Lucas

Ayiti konsomé 550 mil baril dizèl, 350 mil baril gazoline e 76 mil baril kerozènn pa mwa. Gaz Ayiti konsomé fè pati de gaz ki pi mové kalité onivo entènasyonal. Se pousa gaz Ayiti achté pibon maché ke pri yo fiksé sou maché entènasyonal la. Katèl ki kontwolé gaz la gen ladanl mesyedam gwoup de boudon Unibank yo ki gen konpayi DINASA, Boulos, Roy e konsò ki pou Capital Bank ki gen Capital envestisman ke yo rélé Capinvest, Bigio ki genyen le National, Martelly ki genyen Kimatzu ak DNC Pereira nan Go, Total ki gen enterè franse ladanl, Gesner Champagne alias Ti Gès se Pebble Rich elatrye. Maché gaz la an Ayiti se yon mafya. Maché sa brital anpil, si ou pa fè atansyon wap mouri vit.
Lè Prezidan Jovenel te la baril petròl la te koute $68 dola. Se pousa li te fiksé pri galon dizèl a 163 goud, galon gazoline a 201 goud, galon kerozènn a 163 goud. Prezidan Jovenel Moïse nan refòm li tap fè nan sektè enèji a te koupe 3 koté oligak yo tap vòlè nan gaz la. Nan achté aletranjé a pri platz e revann leta pi chè a pri Caribbean posting, san yo pa fè anyen oligak yo nan ribrik sa sèlman te konn volè leta 240 milyon dola vèt pa ané. Prezidan Jovenel te koupé sa e kanpé rakèt sa. Nan vann galon gaz oligak yo te konn vòlè pèp la 3 koté. Prezidan Jovenel Moïse te koupé e kanpé rakèt sa. Oligak yo te konn kréyé tou rarté atifisyèl tou pou fè plis kòb. Prezidan Jovenel Moïse te voye ministè kòmès sanksyoné raketè sa yo ki te nan maché nwa. Yon lòt dezòd ki te ekziste sèke oligak yo san yo pa mété yon goud déyò se ak kòb léta yo té konn sèvi pou fè biznis gaz la. Prezidan Jovenel te koupé sa sèk e mandé konpayi yo pou yo te vinn ak pwòp lèt de krédi pa yo. Oligak yo te tabli tou yon rakèt via bank santral pou volè nan rezèv dola meriken leta lè yo pral achté gaz alétranjé. Prezidan Jovenel Moïse te koupé sa sèk tou.
Se poutèt refòm Prezidan Jovenel Moïse tap fè nan kouran, nan gaz ak lòt sektè ki fè oligak gwoup blakawout e gwoup de boudon patisipe nan touye l.
Apré yo touyé Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè 2021 oligak yo ak Ariel Henry ki enplike nan touyé Prezidan Jovenel remeté anplas tout rakèt ak koripsyon sa yo nan léta nan mwa daou 2021. Pandan 44 mwa depi yo touyé Prezidan Jovenel Moïse se piyé oligak yo rekòmanse piyé leta ak pèp la pirèd nan gaz. Piyaj sa ap fèt san pran souf.
Lè baril petròl te monté a $88 dola onivo entènasyonal Ariel Henry pou édé oligak vòlè e asasen ki patisipé nan touyé Prezidan Jovenel Moise olye li fè yon ti ogmantasyon pwopòsyonèl Ariel ogmante pri yo de 308%. Galon dizèl la ki te 163 goud sou Prezidan Jovenel Ariel mete l a 670 goud. Galon gazoline ki te a 201 goud sou Prezidan Jovenel pase a 570 goud sou Ariel. Galon kerozènn ki te a 163 goud sou Prezidan Jovenel pase a 352 goud sou Ariel. Oligak yo kontan anpil paske depi Jiyè 2021 lè yo finn touye Prezidan Jovenel yo rekomanse sousé manmèl pèp la nan komès gaz, nan kouran, nan volè kòb leta nan aewopò vil okay, nan vizit Prézidan Gustavo Pétro nan Jacmel, nan pasasyon maché dosye sekirité e défans nasyonal, nan bay oligak avantaj nan BID elatrye.
Jodia, nan mwa Mas 2025 baril petròl desann a 65 dola sa vlé di piba ke lè Prezidan Jovenel te la, kidonk pri galon dizèl, gazoline, dizèl té dwe bésé anpil. Sa vle di yon galon dizèl jodia an Ayiti te dwe vann pou 175 goud. Yon galon gazoline te dwe vann 230 goud. Yon galon kerozèn te dwe vann 170 goud. Otorité defakto leta yo malgré bès konsidérab baril petròl la pa bésé pri galon gaz an Ayiti. Kidonk otorité défakto CPT ak primati ap défann enterè oligak ki mété yo nan tèt leta apré asasina prezidan an. Pèp la dwe levekanpe pou defann enterè li menmjan pèp la dwe levekanpe kont tout otorité léta sa ki nan gang.
Tandé yon interview Stanley Lucas te fè sou radyo métropole 19 septanm 2019 ki valab toujou 6 lané apré. Sèl diferans ki genyen otorité léta ki la jodia se oligak ki mété yo pou defann enterè yo apré yo touyé Prezidan Jovenel Moise 7 Jiyè 2021. Tandé la⬇️:
Comments 0